The Mass in Creole
Ordinaire de la messe en Créole
SIGNE DE LA CROIX (Siy dekwa)
Onon Papa a, ak pitit la, ak Lespri Sen. Amèn.
KYRIE
Granmèt, pitye pou nou;
Granmèt pitye pou nou.
Jezi Kri, pitye pou nou;
Jezi Kri pitye pou nou,
Granmèt pitye pou nou;
Granmet pitye pou nou.
GLORIA
Viv Bondye nan syèl la.
Sou tè a se pou moun li renmen yo viv ak kè poze.
N’ap fè lwanj pou ou, N’ap di jan ou debyen,
Se ou n’ap adore.N’ap fè bèl konpliman pou ou,
N’ap di ou mèsi pou valè bèl ou bèl.
Bondye, ou se Granmèt, ou se Rwa nan syèl la
Bondye, ou se Papa, ou genyen tout pouvwa.
Jezi Kri, Ou se Granmèt, Ou se Mouton Bondye a,
Ou se pitit Papa a.
Ou menm ki ouete peche sou tè a , koute priyè nou an.
Ou menn ki chita adwat Papa a, tanpri, pitye pou nou.
Jezi Kri, se ou menm sèl ki sen,
Ou menm sèl ki Granmèt,
Ou menm sèl ki anro nèt,
Ansanm ak Lespri Sen an nan bèlte Bondye Papa a.
Amèn.
CREDO I- (Symbole de Nicée)
Mwen kwè gen yon sèl Bondye
Se Papa a ki gen tout pouvwa,
Li kreye syèl la
ak tè a, Li fè tou sa moun wè ak tou sa moun pa wè.
Mwen kwè gen yon sèl Granmèt,
Se Jezi Kri, sèl
pitit Bondye a.
Li se pitit Papa a, depi anvan tout tan;
Li se Bondye nan Bondye,
limyè nan limyè a.
Bondye tout bon vre nan Bondye tout bon vre a.
Li se pitit, men se pa kreye yo kreye li.
Li se menm Bondye ak Papa a.
Se pa pouvwa li tout bagay fèt.
Se pou tout moun, se poul’ vin sove nou, li desann sot nan syèl.
Se pa pouvwa Lespri Sen an, kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj,
E li tounen yon moun.
Se pou tèt nou toujou yo kloure li sou yon Kwa.
Li soufri sou rengn Pons Pilat e yo antere li.
Sou twa jou li leve, jan labib la te di,
Li monte nan syèl e li chita adwat Papa a.
Li gen poul’ retounen avèk tout pouvwa li,
Poul’ jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri,
E li va Rwa pou tout tan.
Mwen kwè gen Lespri Sen an.
Li se Granmèt e li bay lavi.
Li se Lespri Papa a ansanm ak Pitit la.
Yo adorel’ ansanm ak Papa a, ansanm ak Pitit la,
E li jwenn menm lwanj avèk yo.
Se li ki t’ap pale, le Pwofèt yo t’ap pale.
Mwen kwè gen yon sèl Legliz, ki fè yon sèl kòt fanmiy,
Li sen , li la pou tout moun, se sou Apot yo li bati.
Mwen rekonèt gen yon sèl batèm pou padonen peche.
M’ap tann tout mò leve.
M’ap tann lavi k’ap vini an.
Amèn
CREDO II- (Symbole des Apôtres)
Mwen kwè nan Bondye, Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li kreye syèl la ak tè a.
Mwen kwè nan Jezi Kri, sèl pitit Bondye.
Li se Granmèt nou an.
Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun.
Li soufri sou rengn Pons Pilat, yo klourel’ sou kwa a,
Li soufri e yo antere li.
Li desann kote mò yo te ye a.
Sou twazyèm jou li leve byen vivan sot nan pami mò yo.
Li monte nan syèl la e li chita adwat Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li gen poul’ retounen pou jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri.
Mwen kwè nan Lespri Sen an.Mwen kwè Legliz la Sen e li la pou tout moun.
Mwen kwè tout byen zanmi Bondye yo fè sèvi lòt yo.
Mwen kwè peche yo jwenn padon.
Mwen kwè kò moun ki mouri yo va leve byen vivan.
Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an.
Amèn.
SANCTUS
Se ou ki sen, Se ou ki sen, Se ou ki sen tout bon;
Bondye se ou ki Granmèt tou sa ki nan syèl la.
Bèlte ou plen syèl la ak tè a.
Viv Bondye nan syèl la.
Bravo pou sila k’ap vini o non Granmèt la.
Viv Bondye nan syèl la.
PATER
Papa nou ki nan syèl la, Se pou yo rèspekte non ou;
Se pou yo rekonèt se ou ki Rwa;
Se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodiya,
Padonen sa nou fè ou tankou nou padone moun ki fè nou kichoy.
Pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak sa ki mal.
Amen
Après l’Embolisme du Pater
Paske se ou menm sèl ki Rwa,
Se ou menm ki gen tout Pouvwa,
Se ou sèl ki merite konpliman pou tout tan.
AGNUS DEI
Jezi, ou menm Mouton Bondye ki ouete peche sou tè a, Tanpri pitye pou nou.
Jezi, ou menm Mouton Bondye ki ouete peche sou tè a, Tanpri pitye pou nou.
Jezi, ou menm mouton Bondye ki ouete peche sou tè a, Aprann nou byen viv ansanm.