Marian:

LAPRIYE POU MANMAN PÈPETYÈL

O MANMAN PÈPETYÈL SEKOU MAP PWOCHE DEVAN W AK GWO KONFYANS NAN KÈ MWEN POU MWEN MANDE W TANPRI POTE M SEKOU.

OU TE WÈ, AK PROP JE W, BLESI KÈ PITIT OU SOU KWA A AK SAN LI KI TE KOULE POU SOVE NOU! OU KONNEN JAN LI TE VLE SOVE NOU.

POUTÈT SA MWEN MET AJENOU DEVAN W
E M- SIPLIYE W POU JWENN NAN MEN BONDYE GWO FAVÈ SA A MWEN BEZWEN AN.

O MARI, OU MENM KI GEN BON KÈ, PIPLIS PASE TOUT FI, JWENN FAVÈ SA POU MWEN NAN MEN JEZI, LI MENM KI SOUS TOU SA KI BON.

(kounyè a di ki favè w-ap mande a)

O MANMAN PÈPETYÈL, OU MENM KI VLE NOU SOVE PIPLIS PASE ATA NOU MENM NOU VLE,
SONJE KOUMAN JEZI TE REMÈT NOU NAN MEN OU
TANKOU PREMYE MANMAN NOU,
E SONJE TOU KIJAN OU MENM OU TE MANDE N RELE W NOTRE DAM PÈPETYÈL SEKOU
GADE KOUMAN SE PA SOU FÒS LAPRIYÈ PA M MWEN KONTE MEN SE SÈLMAN SOU GWO FÒS LAPRIYÈ PA W.

MWEN METE TOUT KONFYANS MWEN NAN BON KÈ W AK NAN FÒS LAPRIYÈ W
KONFYANS MWEN, SE NAN BON KÈ W LI YE AK NAN KÈ MANMAN OU GEN POU NOU AN.

POUTÈT RENMEN OU GENYEN POU JEZI, PITIT OU KI SOVÈ MWEN POUTÈT RENMEN OU GENYEN POU TOUT MOUN KI FIDÈL A OU

E POUTÈT TOU, RENMEN OU GEN POU MWEN MENM TOU FÈ M JWENN TANPRI TOUT GRAS AK FAVÈ MAP MANDE W JODI A. AMEN!

Mari, se pou kontan, ou menm ki plen favè, Gran Mèt la avèk ou
Li beni w pase tout fi, e li beni Jezi pitit ou fè a

Mari, ou sen, ou se manman Bondye, nou se pechè
Lapriyè pou nou Jodi a ak lè nou prèt pou nou mouri. Amen!