Marian:

Chapelet en Créole (Rosary in Creole)

4 Mistè Rosè Yo

Mistè Kè Kontan – Lè Lendi ak Samdi

1. Lanonsyasyon
2. Vizitasyon
3. Jezi fèt
4. Prezentasyon Jezu nan tanp la
5. Josèf ak Mari jwenn Jezi nan tanp la

Mistè Limyè – Lè Jedi

1. Batèm Jezi
2. Nòs Kana
3. Premye predikasyon
4. Jezi transfigire devan premye disip li yo
5. Premyè mès Jezi ak disip li yo

Mistè Kè Sere – Lè Madi ak Vandredi

1. Agoni nan jaden Jetsemani
2. Yo kale Jezu
3. Yo mete yon kouwòn epin sou tèt Jezu
4. Yo fè Jezu pote kwa a
5. Jezi mouri sou kwa a

Mistè La Glwa – Lè Mèkredi ak Dimanch

1. Jezi leve byen vivan
2. Jezi monte nan syèl
3. Lespri Sen desann sou apòt yo
4. Mari monte nan syèl nan glwa papa a
5. Mari kouwone Rèn syèl la

O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen An. Amèn.

Kredo:

Mwen kwè nan Bondye, Papa a ki gen tout Pouvwa. Li kreye syèl la ak tè a. Mwen kwè nan Jezi Kri, sèl pitit Bondye a. Li se Granmèt nou an. Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun. Li soufri sou rèyn Pons Pilat, yo kloure l sou kwa a, Li soufri e yo antere li. Li desann kote mò yo te ye a. Sou twazyèm jou li leve byen vivan sot nan pami mò yo. Li monte nan syèl la e li chita adwat Papa a ki gen tout Pouvwa. Li gen pou l retounen pou jije ni moun k ap viv, ni moun ki mouri.

Mwen kwè nan Lespri Sen an. Mwen kwè Legliz la Sen e li la pou tout moun. Mwen Kwè tout byen zanmi Bondye yo fè sèvi lòt yo. Mwen kwè peche yo jwenn padon. Mwen kwè kò moun ki mouri yo va leve byen vivan. Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an. Amèn.

Papa nou:

Papa nou ki nan syèl la,
Se pou yo rèspekte non ou;
Se pou yo rekonèt se ou ki Rwa;
Se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi-a,
Padonen sa nou fè ou tankou nou padone moun ki fè nou kichoy.
Pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak sa ki mal. Amèn.

Mari se pou kontan

Mari se pou kontan. Ou menm ki plen favè,
Granmèt la avèk ou.
Li beni ou pase tout fi, e li beni Jezi, pitit ou fè a.
Mari, ou sen, ou se Manman Bondye, nou se pechè.
Lapriyè pou nou jodi-a ak lè nou prèt pou nou mouri. Amèn.

Viv Papa-a

Viv Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an.
Tankou nan kòmansman, ni jodi-a, ni toulèjou epi pou tout tan gen tan. Amèn.

O Bon Jezu

O bon Jezu, padone peche nou-yo, sove n anba dife lanfè,
Minnin tout moun nan syèl, sitou sa ki pi bezwen kè sansib ou a.

Sali Rèn

Sali, Rèn, Manman kè sansib, lavi nou, plezi nou, espwa nou, sali.
Kote ou n’ap rele, nou menm pitit Èv yo ki egzile yo.
Kote ou n’ap plenn, n’ap plenyen, n’ap kriye nan bafon la penn sa a.
Ebyen avoka nou, vire je kè sansib ou kote nou.
Apre egzil sa a montre nou Jezi, fwi vant ou a ki beni an.
Ou menm ki sen, ou menm ki bon, Mari ki Vyèj. Amèn.