Pwogram Kolèj Pastoral la 2020 – 2021
Pwogram Kolèj Pastoral
Kolèj Pastoral? Ki sa sa yè? Se oumenm sèl nan peyi a ki pa konnen l.
Se yon pwogram ki ane sa a ap fèt sou intenèt? An Kreyòl! Tout moun kap pran l…men se pou enskri.
Se yon kokenn chenn pwogram Bishop Sansarik ak Sè Juvenia ansam ak Monseye Andre Pierre epi plizye lot moun mete tèt ansam pou ofri ayisyen ki Ozerazini epi Ayisyen ki toupatou sou tè a.
Pwogram sa a vle limen gwo limyè nan tèt nou sou 4 bagay:
- Anpremye sou LABIB: yon moun ki respekte tèt li pa gen dwa pa konnen sa k nan Labib. Labib se pigwo liv ki janm ekri. Gen moun ki li l tèt anba. Yo bal 10,000 entèpretasyon ki mele tèt moun. Li tan pou pran tan w pou aprann LABIB jan sa dwe fèt anba bouch moun ki konnen sa yap di
- 2zyèm bagay pou n konnen se sa Doktrinn Legliz la di: Kisa ki Legliz? ki sa ki sakreman yo? tankou Batèm, Lakominyon etc. Poukisa Jezi te di “Map Bati Legliz mwen an.” Li tan, li lè pou wè piklè nan koze sa a. Ki Wòl LEGLIZ la Jodi a?
- Lèfini se pou n etidye tou sa nou rélé espiritiyalite: sa ki vle di Ki fason pou rantre en rapò ak Bondye nan lapriyè. Gen yon bann moun ki pretann yo fò nan LABIB men. Yo pa viv jan LABIB la mande. Pa bay Bondye manti! Nou bezwen aprann fè bon jan zanmi ak Jezi.
- Nou bezwen limyè tou sou ki fason nou dwe mete tèt nou ansanm pou n ede pèp nou an soti nan lamizè. Jezi vini pou l chanje figi tè a. Se devwa Kretyen yo pou yo mete men. nan fè lavi sou tè a bay moun piplis kè kontan, piplis lajwa.
Pwogram sa a developé ON LINE (sou internet) chak 2 Samdi, komanse a 10 am pou fini à 2 pm
Lap Kòmanse 3 Oktob pou rive fen mwad Mè 2021. . an tou 14 Samdi. Lè ou kalkile gen 52 Samedi chak ane epi se sou 14 Samdi sèlman gwo program sa a pwal fèt, Nou pa gen rezon pou n pa pwofite bèl anseyman sa yo.
Nou tout ki swaf, vini bwè bon dlo fre nan fontèn Laverite a. Premye trezò ou, se JEZI!
Pou n aprann piplis sou gwo pwogram sa, enskri non nou nan e-mail sa a: kolejpastoral@gmail.com.
Lè sa a na jwenn piplis enfòmasyon. Pa pèdi tan. Enskri non w toudsuit. JEZI AP TANN W!